122. Ann chante louwanj Bondye Papa nou
1.
Ann chante louwanj Bondye Papa nou
Nan yon bèl kantik damou.
Kè
Paske bonte li dire,
Toujou fidèl, toujou vre.
2.
Se li ki fè yon si bèl solèy,
Lalin, zetwal, tout mèvèy.
3.
Li voye la wouze ak lapli
Pou grenn jèmen, plant grandi.
4.
Li kòmande tout jaden fètil,
Pou fè rekòt yo anpil.
5.
Remèsye li pou viv tè ak fwi
Tout danre li fè vini.
6.
Remèsye li pou tout zannimo,
Pwason nan dlo, tout zwazo.
7.
Gras a li, lavi n pa an danje,
Li louvri men l, nou manje.
8.
Men li ban nou manje ki pi bèl,
Jezi, pen ki sot nan syèl.
9.
Ann chante louwanj bon papa sa a,
Tout moun chante ak tout vwa.
Dènye kè
Papa, Pitit e Sentespri
Glwa non ou pa p janm fini