← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

128. Senyè kondwi mwen chak jou

1. Senyè kondwi mwen chak jou Kote ou vle pou m ale; Fè m konnen volonte ou, Montre mwen sa m gen pou fè. 2. Ban mwen kouraj nan danje, Montre m chache sekou ou, Fè m konn ou kapab sove, Kenbe mwen nan lanmou ou. 3. Lè mwen tante pou fè le mal, Fè mwen rete fò e fèm, E lè mwen kanpe tousèl, Avèk men ou pwoteje m. 4. Lè kè mwen ranpli ak jwa, Ede mwen pou sonje ou. Sa ki fè mwen pi kontan Se lanmou ou gen pou mwen. 5. Lè travay mwen sanble di Ede m gen pèseverans. Nan soufrans, nan maladi Ban m kouraj ak pasyans. 6. Ede m fè tout sa ki bon, Kòm pitit ou sou latè. Lè lavi mwen va fini, Kite m al nan Syèl ak ou.