14. Mwen vle mil lang pou m chante byen
1.
Mwen vle mil lang pou m chante byen,
Louwanj Redanmtè mwen;
Tout glwa, se pou Bondye, Wa mwen
Gras li gen tout viktwa.
2.
Mèt mwen, e Bondye mwen, ede m,
Pou m anonse patou,
Pou m pwoklame sou tout latè
Konesans non Jezi.
3.
Jezi, non w chase laperèz
Li chase tristès nou.
Jezi, non ou se bèl mizik,
Lavi ak sante tou.
4.
Li kraze pisans vye peche,
Prizonye yo lage,
San li netwaye peche yo
San li netwaye mwen
5.
Nou menm, tout pèp, gade Bondye,
Se li ki sove nou.
Lafwa nan Jezi, lafwa sèl;
Gras li padone nou.
6.
Bondye te renmen tout pechè,
Li renmen nou, se vre!
Pou moun toupatou sou latè
Pitit li te mouri.