← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

16. Ou pa dwe pè anyen Mwen toujou ak ou

1. Ou pa dwe pè anyen Mwen toujou ak ou Men pwomès la, kretyen, Ki soutni kè nou. Wout sou tè a mèt nwa Sa p ap fè mwen pè; Nanm mwen plen ak espwa, M ap mache ak bon Sovè m Kè Mwen pa janmen sèl; (2 fwa) Jezi, Sovè m ap veye mwen Li pa janm kite mwen sèl Mwen pa janm tou sèl; (2 fwa) Jezi, Sovè m, ap veye mwen, Mwen pa janm rete tou sèl. 2. Solèy la klere byen, Nan bon tan sèlman; Men Jezi limyè mwen Li klere tout tan. Lè mwen pa wè klète Solèy ki byen bèl, Nan nenpòt ki kote Jezi parèt, mwen wè syèl. Kè Mwen pa janmen sèl; (2 fwa) Jezi, Sovè m ap veye mwen Li pa janm kite mwen sèl Mwen pa janm tou sèl; (2 fwa) Jezi, Sovè m, ap veye mwen, Mwen pa janm rete tou sèl.