19. Senyè, fè pitit ou pi sanble ou chak jou
1.
Senyè, fè pitit ou pi sanble ou chak jou;
Ban m pisans Sentespri, pou mwen pa fayi;
Ban mwen plis asirans, se fòs mwen ou ye,
Konsa m a ret kanpe devan tout danje.
2.
Fè m konprann JeziKri,
Fè m konprann lanmò li
Se li sèl pou mwen wè nan tout sa m ap fè,
Jan li te obeyi, sa li te soufri,
Tout sa li te sibi pou m te ka frè li.
3.
Ban mwen pou m ka fidèl, yon kè ki pa rebèl,
Yon kè byen trankil menm nan mitan eprèv,
Yon kè k pa gen lògèy, e ki p ap tranble,
Yon kè senp, yon kè sansib, plen ak lanmou.