← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

20. Yon jou m a sispann chante m yo

1. Yon jou m a sispann chante m yo Vwa m a rete san l pa chante; Men ak sen ki nan laglwa yo Nanm mwen va kontan pou l mele. Kè M ava wè li menm jan li ye, Jezi Sovè m, pitit Bondye (2 liy 2 fwa) 2. Yon jou fòk kanmenm mwen kite Abitasyon-m sou latè a, Men pòt abitasyon Bondye Va louvri pou mwen jou sa a. Kè M ava wè li menm jan li ye, Jezi Sovè m, pitit Bondye (2 liy 2 fwa) 3. Yon jou fènwa va kouvri mwen, Solèy va kouche pou toujou; Men anwo Jezi va pran mwen, P ap gen fènwa, tout tan se jou Kè M ava wè li menm jan li ye, Jezi Sovè m, pitit Bondye (2 liy 2 fwa) 4. Fò l vini jou laglwa sa a, Se li ki asirans kè mwen, Senyè, kenbe-m pare pou sa, Nan ou m-mete tout konfyans mwen Kè M ava wè li menm jan li ye, Jezi Sovè m, pitit Bondye (2 liy 2 fwa)