← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

25. Te gen katrevendiznèf mouton yo

1. Te gen katrevendiznèf mouton yo Byen gade nan pak la; Men gen youn ki te pèdi nan mòn yo, Lwen kay k ap pwoteje l; Lwen, lwen nan mòn sovaj e san non yo Byen lwen swen bon Bèje ki renmen li, Byen lwen swen bon Bèje ki renmen li. 2. Senyè, men ou gen katrevendiznèf, Sa pa ase pou ou? Men Bèje a te reponn: mouton pa m Te egare lwen mwen. Menm si chemen an di anpil, anpil, M ale nan dezè pou jwenn mouton mwen, M ale nan dezè pou jwenn mouton mwen. 3. Pa youn nan rachte yo pa janm konprann Jan dlo a gen danje, Nan nuit lè Mèt la t ap travèse l, Pou jwenn mouton pèdi. Lwen nan dezè a, li tande l kriye, Malad, san sekou, li prèt pou mouri, Malad, san sekou, li prèt pou mouri. 4. Senyè, pouki gen tach san toupatou Nan tout wout nan mòn yo? San sa a te vèse pou yon mouton Ki te pèdi byen lwen. Senyè pouki ou blese nan men? Aswè a anpil pikan pike men m! Aswè a anpil pikan pike men m! 5. Toupatou nan mòn anba gwo loraj, Epi nan chemen wòch, Yo tande yon rèl sòt jouk nan syèl la: Ann rejwi, mwen jwenn li. Zanj yo repete devan twòn Bondye: «Ann rejwi Senyè a jwenn mouton an. Ann rejwi Senyè a jwenn mouton an.»