← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

26. Bondye te montre m amou l

1. Bondye te montre m amou l Depi twòn li nan syèl la; Mwen te jwenn yon plas repo Anba zèl amou li a. Kè M ape poze, poze, Poze dousman anba zèl amou l, M ape poze… Poze anba zèl amou li a (kè; pou tenò) M ape poze, dousman poze Anba zèl amou li a, Poze anba zèl amou li a. (2 fwa) 2. Lè eprèv lavi frape m, Lè syèl la parèt tou nwa Mwen ka toujou jwenn repo Anba zèl amou li a Kè M ape poze, poze, Poze dousman anba zèl amou l, M ape poze… Poze anba zèl amou li a (kè; pou tenò) M ape poze, dousman poze Anba zèl amou li a, Poze anba zèl amou li a. (2 fwa) 3. A! si ou pa t janm beni Avèk lapè nan kè ou, Gen yon plas repo pou ou Anba zèl amou li a. Kè M ape poze, poze, Poze dousman anba zèl amou l, M ape poze… Poze anba zèl amou li a (kè; pou tenò) M ape poze, dousman poze Anba zèl amou li a, Poze anba zèl amou li a. (2 fwa)