← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

28. Lanmou Bondye pi gran pase

1. Lanmou Bondye pi gran pase Tout sa lang moun ak zanj ka di; L ale pi lwen pase zetwal, Li jwenn moun ki te fin pèdi. Pitit Bondye chèche moun ki Nan lapenn ak peche; Si yo rekonèt peche yo, Li prèt pou padone. Kè Lanmou Bondye li rich, li pi; Li san mezi, li fò; Lanmou sa a dire tout tan, Se kantik tout zanj yo. 2. Lè tout jou ak lane pase, Lè tout twòn, tout wa fin tonbe; Lè moun ki pa priye jodi Va chache mwayen pou sove. Lanmou Bondye va la toujou, L a san mezi, l a fò; L a fòs Bondye pou sove nou, L a kantik tout zanj yo. Kè Lanmou Bondye li rich, li pi; Li san mezi, li fò; Lanmou sa a dire tout tan, Se kantik tout zanj yo. 3. Si tout dlo lanmè te ka lank Si tout syèl la te ka papye Si tout bwa sou latè te plim, E tout moun te kapab ekri; Pou yo ekri lanmou Bondye Lamè ta fin seche E syèl la pa ta ka kenbe Tout zèv lamou l te fè. Kè Lanmou Bondye li rich, li pi; Li san mezi, li fò; Lanmou sa a dire tout tan, Se kantik tout zanj yo.