← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

33. Senyè, pale mwen pou m pale

1. Senyè, pale mwen pou m pale Tankou yon eko vwa ou menm. Kite m chèche, menm jan kon ou, Pitit ou ki pèdi, ki sèl. 2. Gide m Senyè pou m ka gide Pye moun ki pran move chemen. Ban m manje pou m kapab nouri Moun ki grangou ak lamàn ou. 3. Ban mwen fòs pou m rete fidèl, Kanpe sou yon wòch ki solid; Pou mwen kapab lonje men tou Ede moun k ap bat ak lavi. 4. Senyè, montre m tout sa ki bon, Pou mwen montre lòt moun yo tou; Dirije m nan tout sa m ap fè, Pou pawòl mwen touche kè yo 5. Ban m lapè ou ki tèlman dous, Pou m kapab pale ak dousè Avèk tout moun ki nan detrès. Epi ban mwen bèl pawòl ou. 6. Ranpli mwen jan ou vle, Senyè, Jouk kè m kapab debòde tou; Pou rakonte gran amou ou Nan pawòl tankou nan aksyon. 7. Sèvi ak mwen jan w vle, Senyè, Kondui mwen tout kote ou vle; Jouk tan m a wè fas beni ou, Pou m pataje glwa ak jwa ou.