← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

37. Gen limyè nan nanm mwen jodi a

1. Gen limyè nan nanm mwen jodi a Avèk glwa pi gran pase Menm solèy la nou wè nan syèl la, Paske Jezi te klere m. Kè Wi gen limyè, gen bèl limyè; Mwen kontan mwen vle toujou chante Lè Jezi montre lanmou li nan kè mwen Limyè sa a toujou rete. 2. Gen kantik nan nanm mwen jodi a Se yon kantik pou Jezi; E li konnen sa mwen pa ka di, Paske lanmou l san mezi. Kè Wi gen limyè, gen bèl limyè; Mwen kontan mwen vle toujou chante Lè Jezi montre lanmou li nan kè mwen Limyè sa a toujou rete. 3. Gen lajwa nan nanm mwen jodi a Ak espwa louwanj, lanmou, Pou byenfè li ban mwen toulejou, Pou syèl la li ban mwen tou. Kè Wi gen limyè, gen bèl limyè; Mwen kontan mwen vle toujou chante Lè Jezi montre lanmou li nan kè mwen Limyè sa a toujou rete.