38. Pa kite mwen, O bon Sovè
1.
Pa kite mwen, O bon Sovè !
Koute kriye mwen;
Kon ou okipe lèzòt yo,
Pa pase lwen mwen.
Kè
Sovè, Sovè,
Koute kriye mwen;
Kon ou okipe lèzòt yo,
Pa pase lwen mwen.
2.
Devan twòn ou ban m padon ou,
Ban m yon dous frechè;
Men mwen koube nan prezans ou
Ede m pou mwen kwè.
3.
Mwen konfye m sèl nan merit ou;
M ta gade ou anfas;
Geri kè mwen ki nan tristès,
Kenbe m nan lagras.
4.
Ou se sous pou konsole mwen,
Mwen vle ret fidèl;
Mwen renmen ou pase tout moun
Sou tè e nan syèl.