← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

40. N ap chante Wa a ki gen pou vini

1. N ap chante Wa a ki gen pou vini, Glwa pou Jezi, mouton an ki mouri Pou ofri tout moun delivrans, lavi. Tout pèp va kontan lè Jezi va Wa! Kè Vini chante: Glwa pou Jezi, Alelouya, glwa pou Jezi! Nou ki moun pa Jezi, sa se chan nou: Tout glwa pou Jezi se li ki Wa nou. 2. Pèp yo va rete nan bèl limyè li, Tout moun va ansanm, wi yo va ini. Se laverite ki va etabli. P ap gen lenjistis, lè Jezi va Wa ! 3. Tout bagay va bon nan wayòm Kris li, Kot libète ak sajès pral vini. Tout lènmi nou yo va tounen zanmi. Tout zam mete ba lè Jezi va Wa. 4. Tout moun va mache nan pisans Lespri. Dout p ap ka twouble moun ki nan Jezi. Nou pa pè lanfè, fòs lanmò fini, Lanmou toupatou, lè Jezi va Wa. 5. N ap lapriyè pou Wayòm Kris vini. Bondye, fè li vini vit pou ou detwi Tout move bagay, pou nou kapab di: Rèy Satan kaba, se Jezi ki Wa.