44. Vini chak moun ki plen peche
1.
Vini chak moun ki plen peche,
Kris gen mizerikòd
Li di li va ba ou lapè,
L ap met kè ou annòd.
Kè
Sèlman kwè li, (2 fwa)
Sèlman kwè Jezi;
L a sove ou, (2 fwa)
L a sove ou tou.
2.
Jezikri te vèse san li,
Ki gran benediksyon!
Plonje ou nan san Jezikri
L ap lave tout peche w.
3.
Wi, Jezi se chemen lavi
Ki mennen nou nan syèl;
Vin met tout konfyans ou nan li;
Ou p ap mache tou sèl.
4.
Vin non, ini ou avèk nou
Ki prale nan laglwa,
Pou abite la toulejou
Kote tout moun anjwa.