← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

47. Tout mou ki rete sou latè

1. Tout mou ki rete sou latè, Chante Senyè a ak tout vwa; Sèvi l ak krent, fè louwanj li, Devan li chante ak lajwa. 2. Nou konnen se Bondye li ye; Nou pa t ede l lè l kreye nou. L a nouri nou, se pa l nou ye; Tankou mouton l li mennen nou. 3. Antre nan pòt li ak louwanj; Ak kantik antre nan tanp li; Beni non li tankou tout zanj, Bonte li p ap janm fini. 4. Pouki? Paske Bondye nou bon, Amou l rete fidèl toujou. Tou sa li di, li fè l tout bon; Pawòl Bondye sen toujou.