← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

51. Genyen yon sous tou plen ak san

1. Genyen yon sous tou plen ak san, Se san sovè Jezi. Pechè yo ki benyen ladan l Soti san tach e pi. (3 fwa) Pechè yo ki benyen ladan l Soti san tach e pi. 2. Volè a ki t ape mouri, Li te rejwi jou sa. E nanm mwen ki koupab kon li Jwenn padon nan sous la. (3 fwa) E nanm mwen ki koupab kon li Jwenn padon nan sous la. 3. Sovè m, san ou ki te koule Pa p janm pèdi pisans Jouk lè pou tout legliz Bondye Rejwi nan delivrans. (3 fwa) Jouk lè pou tout legliz Bondye Rejwi nan delivrans. 4. Depi mwen te wè tout bonte Ou montre m nan bay lavi, Lanmou w m ap chante san rete Jouk lè m a va mouri. (3 fwa) Lanmou w m ap chante san rete Jouk lè w va delivrem. 5. Lè lang pa mwen va fin pale, E kò mwen nan tonbo; Louwanj Jezi m a va chante Ak rachte yo anwo. (3 fwa) Louwanj Jezi m a va chante Ak rachte yo anwo.