← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

57. Jezi, mwen te pran lakwa mwen

1. Jezi, mwen te pran lakwa mwen Kite tout bagay pou m swiv ou. Meprize e abandone, Ou se tout bagay pou mwen. Mwen kite tout vye anbisyon, Tout sa m te chache e konnen. Poutan mwen pa manke anyen Bondye pou mwen, Kris pou mwen. 2. Tout moun te mèt ale kite m. Yo te kite Sovè m nan tou; Menm bon zanmi kapab twonpe m, Men ou menm ou pa menm jan ak yo Si ou menm ou kontan avè m, Bondye sajès ak lanmou, Yo mèt rayi m, yo mèt kite m, Avèk ou lavi mwen byen. 3. Lèzòm mèt pèsekite mwen, Sa va fè m pwoche pi pre ou. Lavi di ka maltretem mwen, Pou mwen, Syèl la va pi dous. Okenn mal pa ka fè m soufri Pandan lanmou ou pou mwen Plezi tè sa a pa fè m rejwi. Jwa ou bay, se jwa san fen. 4. Ann mache nan chemen laglwa Ak lafwa ak lapriyè. An nou konbat pou laviktwa. Ak Bondye nou gen lapè. Byento nou va kite tè sa a; Pelerinaj nou va fini Nou va wè fwi tout travay la, Rekonpans nou se Jezi.