77. Gen yon zanmi, yon bon zanmi
1.
Gen yon zanmi, yon bon zanmi
Ki renmen m depi toutan.
Li sove nanm mwen ak lanmou,
Ak pisans li, li kenbe m.
Pèsonn pa ka kase chenn nan.
Li kenbe m ak lanmou li
Mwen pou li menm, li pou mwen tou,
Pou toutan e pou toutan.
Kè
Mwen pou li menm, li pou mwen tou
Pou toutan e pou toutan. (2 liy, 2 fwa)
2.
Gen yon zanmi, yon bon zanmi.
Li te mouri pou sove m ;
Li ban mwen, yon kado lavi,
Kado sa a, se li menm menm.
Tout sa m genyen, youn pa pou mwen,
Yo tout se pou Zanmi m nan ;
Kè mwen, lavi m, tout se pou li,
Tout se pou li pou toutan.
3.
Gen yon zanmi, yon bon zanmi,
Li gen bon kè, li renmen m.
Li se yon gid, yon konseye,
Epi li konn defann mwen.
Ki moun ki kapab separe m
Avèk yon zanmi kon li?
Ni nan lanmò ni nan lavi
Mwen pou li nèt pou toutan.