← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

79. Prepare m pou lagè

1. Prepare m pou lagè, Pou m konbat sa ki mal. Ban m yon bon kè, yon kè ki pwòp Ki pa p di pawòl sal. Dirije tout panse m, Pirifye lesprim mwen. Ak gras ou travay mwen va byen, Si l fèt avèk renmen. 2. Mouton Bondye, ban mwen Menm lespri dous pa ou Fè tout aktivite pa mwen Fèt ak charite tou. Kite m envite moun Avèk anpil dousè, Ou pa vle pèdi menm youn, Menm sa yo ki pi pè. 3. Pa kite mwen konfye m Nan anyen sòf ou menm; Si m gen lespri ògèy nan kè m, Fè m santi feblès mwen! Fè m konnen m pa anyen; Men grasa Lespri sen Tout bagay bon ka fèt pa mwen, E se ou menm k ap fè l. 4. Ban mwen lanmou pa ou, Pou m swiv chemen ou swiv. Ou rayi tout bagay ki fo, Men ou renmen tout moun. Chanje, gide lespri m Lwen tout bagay ki fo, Pou m rayi peche ak tout kè m, Men renmen pechè yo.