← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

81. Jezi, Ou ki renmen mwen

1. Jezi, Ou ki renmen mwen, Kite mwen ale jwenn Ou; Tout lòt azil kapab ven, Lè lanmò menase nou. Kache mwen, o Sovè mwen, Pandan tout loraj lavi. Resevwa mwen a lafen Nan lapè ki pap fini. 2. Ou se sèl refij mwen gen, Nanm mwen pa gen lòt espwa Tanpri, pa bandone mwen, Sovè m, lè tout bagay nwa. Mwen vle konfye m nan ou sèl Mwen pa gen lòt sekou; Sèvi pou mwen kou yon zèl M a va byen lè m avèk Ou. 3. Mwen pa bezwen lòt bagay Pase Ou, bon Jezikri. Se ou menm ki te konn bay Lasante e menm lavi. Mwen menm, mwen pa vo anyen, Mwen genyen anpil peche, Se Ou sèl ki vrèman sen, Ou se gras e verite. 4. Genyen anpil gras nan ou Pi gran pase peche nou. Gras ou se yon bagay dou, Kite li travay an nou. Jezi, Ou se sous lavi, Ban m lespri Ou san mezi; Jayi nan mwen kou yon pwi; Se lavi ki p ap fini.