← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

94. Mwen ta vle di ou sa Jezi fè pou kè mwen

1. Mwen ta vle di ou sa Jezi fè pou kè mwen, Depi mwen te jwenn li pou bon zanmi mwen; Mwen ta di w jan lavi m te chanje konplètman, E kè mwen te ranpli avèk kontantman. Kè Pèsonn pa t janm renmen mwen kon Jezi, Pa gen yon lòt bon Zanmi kon li. Nanpwen lòt k ap blanchi Peche m ki wouj anpil! O, ala li te renmen m! 2. Vi m te tou sal ak peche Lè Jezi jwenn mwen, Kè m te plen ak mizè, tèt mwen te chaje. Men avèk amou li Jezi te vlope mwen, E li kondwi mwen kote m te dwe ale. 3. Chak jou li vin jwenn mwen Pou ban mwen asirans Jou aprè jou mwen pi konnen lanmou li; Mwen p ap janm konprann Pouki li te vin sove m Jouk lè nan syèl la m a va rankontre li.