← Retour à la liste
Reveillons-nous creole

98. Ou pa bezwen gen krent ni pè

1. Ou pa bezwen gen krent ni pè, Jezi va pran swen ou. Pou ou, li se yon gran Sovè, Jezi va pran swen ou. Kè Jezi va pran swen ou, Nan tout chemen, jiska lafen, Jezi va pran swen ou Toulejou, jiska lafen. 2. Li konnen tout sa ou bezwen Jezi va pran swen ou; Li p ap kite ou san anyen, Jezi va pran swen ou. 3. Si ou sèl e dekouraje, Jezi va pran swen ou; Li se toujou yon Bon Bèje, Jezi va pran swen ou. 4. Ou pa bezwen pè pou chak jou, Jezi va pran swen ou. Li la, l ape veye sou ou, Jezi va pran swen ou.